Accessibility links

Breaking News

Etazini, Unyon Ewopeyen Pral Pran Sanksyon Kont La Risi


Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou nasyonal Lendi 21 Fevriye, 2022.
Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou nasyonal Lendi 21 Fevriye, 2022.

Lamezonblanch fè konnen Prezidan Joe Biden pase lod pou pran nouvo sanksyon kont Moskou apre La Risi te deside rekonèt 2 rejyon separatis ki sitye nan rejyon ès Ikrèn.

Administrasyon Biden nan deklare anons Prezidan Ris la Vladimir Putin fè Lendi a se yon "vyolasyon kare bare, angajman entènasyonal La Risi yo".

Sanksyon yo pral anpeche Moskou fè nouvo envestisman, e lap bloke komès ak tranzaksyon finansye nan 2 rejyon separatis Ikrèn Putin rekonèt yo.

Responsab Unyon Ewop la di blok la pral enpoze sanksyon tou.

XS
SM
MD
LG