Accessibility links

Breaking News

Eileen Gu ranpòte 3e Meday Lò li nan Jezolenpik Peken yo


Eileen Gu, ki pran meday lo a nan freeski halfpipe la selebre pandan seremoni remiz meday la nan Jezolenpik Ive Peken yo, 18 Fevriye 2022.
Eileen Gu, ki pran meday lo a nan freeski halfpipe la selebre pandan seremoni remiz meday la nan Jezolenpik Ive Peken yo, 18 Fevriye 2022.

Eileen Gu ranpòte yon meday lò pou bel pefomans li nan konpetisyon freeski halfpipe fanm nan. Se konsa li tounen premye atlet spò aktif ki pran 3 meday lò nan menm Jezolenpik yo.

Gu te kòmanse ak 93.25 pou premye ese li epi 92.25 pou dezyem nan. Li te asire viktwa li ak denye pefòmans li kote li te sanble li byen alez pandan li tap navige halfpipe la.

Gu se yon Ameriken Chinwaz ki manm ekip Chinwaz la nan Jezolenpik yo. Li deja ranpote yon meday lò nan konpetisyon freeski big air la epi yon meday ajan pou konpetisyon slopestyle la.

Se Kanadyen Cassie Sharpe ki pran meday ajan an epi yon lòt Kanadyen, Rachael Karker pran meday bwonz la.

XS
SM
MD
LG