Accessibility links

Breaking News

Skiyè Ayisyen Richardson Viano pa Pran Meday, Men li Byen Fini Kous Slalom Gason an


Ayisyen Richardson Viano selebre apre li fini 2em etap kous Slalom gason an nan Jezolenpik Ive 2022 a, 16 Fevriye 2022.
Ayisyen Richardson Viano selebre apre li fini 2em etap kous Slalom gason an nan Jezolenpik Ive 2022 a, 16 Fevriye 2022.

Richardson Viano, skiyè Ayisyen ki fè listwa pou Ayiti antanke premye Ayisyen ki kalifye pou Jezolenpik Ivè yo byen fini kous li jodia.

Nan konpetisyon Slalom Gason Ski Alpen an, Richardson fini 42èm (1:02.25)pou premye manch la epi 33èm (57.74)pou dezyèm manch la. Sa ba li yon tan konbine de 1:59.99.

Se 3 meyè pèfomans yo ki ranpote meday, men pefomans Richardson nan kous la mete'l 34em pami meyè atlèt yo nan konpetisyon sa a.

Ayisyen Richardson Viano, pandan 2em etap kous Slalom gason an nan Jezolenpik Ive Peken yo, 16 Fevriye 2022.
Ayisyen Richardson Viano, pandan 2em etap kous Slalom gason an nan Jezolenpik Ive Peken yo, 16 Fevriye 2022.

Nap raple Richardson pat fini kous li 13 Fevriye paske li te tonbe nan mitan chemen an akoz nèj ak bwouya ki te genyen e ki te anpeche'l wè byen pandan li tap desann morn nan. Move tan sa a te lakoz 33 atlèt pat fini kous la non plis.

Moun ki genyen konpetisyon jodia se Noel Clement, yon Franse. Tan konbine li pou kous la sete 1:44.09.

XS
SM
MD
LG