Accessibility links

Breaking News

Atlèt Ayisyen Richardson Viano ap Tante Chans li Ankò nan Jezolenpik Peken yo


Richardson Viano, moun peyi d'Ayiti gade sou morn nan apre li fini premye etap kous gason Chelem Jeyan an nan Jezolenpik Ive Peken yo, 13 Fevriye 2022.
Richardson Viano, moun peyi d'Ayiti gade sou morn nan apre li fini premye etap kous gason Chelem Jeyan an nan Jezolenpik Ive Peken yo, 13 Fevriye 2022.

Tinedjè Ayisyen ki fè listwa kòm premye atlèt peyi d'Ayiti ki kalifye pou yon Jezolenpik Ivè, Richardson Viano, ap retounen sou morn nan a 10:15 am (lè Peken) 9:15p (lè Ayiti) pou dezyèm kous Chelem Jeyan an.

Si Richardson byen fini premye etap kous la, li va avanse nan dezyèm etap la, ki fikse pou 13h45 lè Peken, minui 45, lè Ayiti.

Richarson te tonbe nan mitan kous li Samdi, kote nèj tap tonbe epi te gen yon brouya ki te rann ni difisil pou wè. Misye pat poukont li, gen plizyè atlèt ki te gen pwoblèm akoz move tan an. Sou 87 atlèt ki patisipe nan kous la gen 33 ki pat konplete premye desant yo - e Viano pami moun sa yo.

Antouka, echek sa a pat dekouraje'l.

Viano te di apre kous la ke li espere fè pi byen Mèkredi. E misye gen anpil espwa pou avni'l.

"Se yon avanti enkwayab si'w byen reflechi: mwen kite Ayiti, mwen rive nan morn yo, mwen komanse fè ski pa chans. Papa'm te yon gid sou montay la e li te mete'm sou ski tou swit apre mwen te rive an 2005, e map fè ski chak jou depi lè sa a," Richardson fè konnen.

"Vreman vre se yon pasyon," li ajoute.

Korespondan Edouard Francklin Gedems nan Paris kontribye a repotaj sa a. Kek nan enfomasyon an soti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG