Accessibility links

Breaking News

Skiyè Ayisyen Richardson Viano gen Premye Kous li nan Jezolenpik Peken yo


Atlet Ayisyen Richardson Viano poze pou yon foto sou teren ski Alpen Nasyonal Peken an nan peyi La Chin, 2 Fevriye 2022.
Atlet Ayisyen Richardson Viano poze pou yon foto sou teren ski Alpen Nasyonal Peken an nan peyi La Chin, 2 Fevriye 2022.

Skiyè Ayisyen Richardson Viano, 19 an, fè listwa lè li tounen premye Ayisyen ki kalifye pou yon Jezolenpik Ivè.

Pou fè sa, Richardson te oblije skiye ase vit nan chanpyona mondyal la, ki te dewoule ann Itali ane pase a, pou kalifye pou Je yo. Li te fini 35em nan konpetisyon Longines nan ki te dewoule ann Itali an 2021.

Richardson gen 2 kous kote lap patisipe. Premye a fikse pou 13 Fevriye.

13 Fevriye: Gran Chelèm Gason - Kous 1 - 10:15a - Sant Nasyonal Ski Alpen Yanquing

* La Chin gen 13 hè an plis Ayiti, donk 10:15a = 9:15pm lè Ayiti

Richardson ap fè ski depi'l te timoun. Papa'l ak manman'l se Italyen Franse ki viv nan Morn Alp yo. Yo te adopte'l lè'l te timoun.

Fè konesans ak Richardson - Repotaj Gedems

Skiyè Ayisyen Richardson Viano Espere Fè Bèl Mèvèy nan Jezolenpik Peken yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:31 0:00


XS
SM
MD
LG