Accessibility links

Breaking News

Viano Tonbe Pandan Kous Chelèm Jeyan an, Men li Pa Dekouraje


Richardson Viano, yon atlet Ayisyen reyaji apre li fini premye etap kous gason Chelem Jeyan an nan Jezolenpik Ive 2022 yo nan Peken, Dimanch, 13 Fevriye, 2022.
Richardson Viano, yon atlet Ayisyen reyaji apre li fini premye etap kous gason Chelem Jeyan an nan Jezolenpik Ive 2022 yo nan Peken, Dimanch, 13 Fevriye, 2022.

Yon amou pou nèj ki te komanse lèl te timoun apre paran li te adopte'l epi li te wè nèj pou premye fwa apre li kite Ayiti ede Richardson Viano tounen premye Ayisyen ki kalifye pou Jezolenpik Ivè yo.

Silvia Viano adopte Richardson lè li te gen 3 zan, e li te sou plas Dimanch nan Peken pou'l wè pitit gason ni ap patisipe nan kous Chelèm Jeyan an pou fè listwa pou Ayiti.

Richarson tonbe nan mitan kous la kote nèj tap tonbe epi te gen yon brouya ki te rann ni difisil pou wè. Misye pat poukont li, gen plizyè atlèt ki te gen pwoblèm akoz move tan an. Sou 87 atlèt ki patisipe nan kous la gen 33 ki pat konplete premye desant yo - e Viano pami moun sa yo.

"Nèj la te danjre jodia," Madan Viano di Associated Press. "Li tap bon si nèj la te pote plis chans pou pitit gason mwen."

Madan Viano sonje Richardson te pè lè li te rive nan ayewopo Frans la soti Ayiti. Li te rive yon kote ki pat familye donk li te kenbe janm papa li byen fo pandan yo tap travèse morn ki nan zon lakay yo.

Richardson Viano, moun peyi d'Ayiti gade sou morn nan apre li fini premye etap kous gason Chelem Jeyan an nan Jezolenpik Ive Peken yo, 13 Fevriye 2022.
Richardson Viano, moun peyi d'Ayiti gade sou morn nan apre li fini premye etap kous gason Chelem Jeyan an nan Jezolenpik Ive Peken yo, 13 Fevriye 2022.

Morn nan te bèl e nèj te fèk tonbe men solèy la te klere donk Andrea ak Silvia Viano te deside kite pitit gason yo Richardson, gade panorama.

"Mwen di 'gade Richie, se isit nou pral abite," manman li sonje." Ou wè nèj la ak tout bagay?"

Pi ta Richardson te rele nèj la "poud majik la".

Manman li di Richardson te kontan apre sa e li te komanse ri. Li konekte premye eksperyans sa a ak pasyon pitit li genyen pou ski, ki mennen'l kote li ye jodia, kom premye atlèt Ayisyen ki fè liswa nan Jezolenpik yo.

"Se yon gran onè," Richardson, ki gen 19 an kounyea deklare. "Li gen espwa enspire lot timoun ann Ayiti pou yo fè mèman parèyman.

Viano espere fè pi byen Mèkredi. E misye gen anpil espwa pou avni'l.

"Se yon avanti enkwayab si'w byen reflechi: mwen kite Ayiti, mwen rive nan morn yo, mwen komanse fè ski pa chans. Papa'm te yon gid sou montay la e li te mete'm sou ski tou swit apre mwen te rive an 2005, e map fè ski chak jou depi lè sa a," Richardson fè konnen.

"Vreman vre se yon pasyon."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG