Accessibility links

Breaking News

7 Fevriye: Sipòtè Akò Montana nan Nò Ayiti Mobilize


HAITI-POLITICS/
HAITI-POLITICS/

Sipòtè Akò Montana nan Nò ak Nòdès peyi d’Ayiti ap mobilize pou 7 fevriye kap vini la, ki se dat yo prevwa pou ansyen gouvènè Bank santral la Fritz Alphonse Jean pran kontwòl peyi a.

Yo anonse plizyè konsiltasyon ak tout sektè nan peyi a yon fason pou jwenn on konsansis otour sou 7 fevriye a.

Manm Akò Montana te chwazi dimanch 30 Janvye 2022 Fritz Alphonse Jean ak Steven Benoit kòm lidè Tranzisyon Ripti Ayiti pou vin gouvène peyi a pandan peryòd tranzisyon.

Delege ki soti nan 17 sektè politik te vote pou ekonomis Fritz Alphonse Jean kòm prezidan d'Ayiti epi ansyen senatè Steven Yvenson Benoit kòm premye minis .

XS
SM
MD
LG