Mwayen Oryan
Lidè Eta Islamik Etazini Touye nan la Siri Rete yon Mistè

Lidè gwoup Eta Islamik Etazini touye nan nuit la pandan yon atak nan nodwès Siti te pou pi fò yon mistè, prèske pat gen okenn foto misye, li pat janm parèt an piblik ni nan videyo gwoup la.
Li pèdi lavi'l nan menm pwovens Idlib rebèl yo kontwole a, kote predesesè li, Abu Bakr al-Baghdadi, te mouri anba men Ameriken ki te chase'l sa gen 2 zan desa.
Zon sila a sitye a yon bon distans rejyon ès Siti ak Irak, kote gwoup la te kontwole yon pakèt teritwa nan rejyon yo te dekalre yon "kalifat".
Lanmò misye vini nan moman militan Eta Islamik yo kòmanse lanse atak sou frontyè a ki soulve anpil atansyon, apre yo te pase plizyè zane ap lanse atak mwen enpòtan.
See all News Updates of the Day
- Jacquelin Belizaire
Batay Rekòmanse ant Izrayèl ak Hamas
Batay rekòmanse ant Izrayèl ak Hamas apre negosyatè yo pa jwenn yon antant pou kontinye seselfe a
Atak Mòtèl Dewoule Nan Gaza Apre Fen Trèv Izrayèl-Hamas la

Lame Izrayelyen an rekòmanse bonbadman mòtèl li nan Gaza a jodi Vandredi 1 desanm nan. Yo di yo frape "plis pase 200 sib teworis", apre fen trèv la maten byen bonè ant pèp Izrayèl la ak mouvman Islamis Palestinyen Hamas la.
Ministè Sante Hamas ki kontwole pouvwa a nan Gaza rapòte plis pase 100 moun mouri nan bonbadman Izrayelyen ki te fèt pa vwa aeryen, nan lanmè ak tè.
Premye eksplozyon yo, te fèt yon ti tan apre ekspirasyon trèv la nan 05:00 GMT, plizyè milye rezidan, te retounen nan lopital ak lekòl ke yo transfòme nan kan refijye pou deplase yo.
Lame Izrayelyen an te deklare ke li te frape zòn "kote ki te pyeje ak eksplozif, tinèl ke tworis yo itilize, ak sant kòmandman".
Yo lanse akizasyon pou di Hamas tire misil nan direksyon Izrayèl.
Belijeran yo blame youn lòt pou fen trèv la ki te pèmèt yo jwenn liberasyon pou anviwon yon santèn otaj an echanj pou Izrayèl limenm lage 240 prizonye Palestinyen yo e ofisyèl yo an Izrayèl te dakò pou kite plis èd imanitè antre nan Gaza, dapre Nasyonzini gen yon sitiyasyon imanitè ke li konsidere kòm "katastwofik".
Hamas te di ke "li pwopoze yon echanj prizonye ak moun ki granmoun nan lis otaj yo", e Hamas te di li ap remèt bay Izrayèl kadav otaj Izraelyen yo "ki te pèdi lavi yo nan bonmbadman Izrayelyen yo te fè" sou Gaza.
Men, Premye Minis Izraelyen an, Benjamin Netanyahu, akize mouvman islamis la kòmkwa li te "vyole akò trèv la" e li di yo "te tire wòkèt" nan direksyon Izrayèl.
- Jean Robert Phillipe
Blinken Rankontre Lidè Izrayelyen, Palestinyen yo
Sekretè deta ameriken an Antony Blinken rankontre otorite Izrayelyen ak Palestinyen kèk èdtan apre pati ki an konfli yo dakò yon 7èm jou seselfe. Jean Robert Philippe efò ap kontinye pou liberasyon plis prizonye ak otaj...
Yon Komisyon LONU Pral Ankete Vyolans Seksyèl Hamas Pandan Atak 7 Oktob la
Nasyonzini mete yon komisyon sou pye pou ankete sou vyolans seksyèl HAMAS pandan atak 7 oktòb 2023 a.
Hamas Lage 2 Fanm Izrayelyen nan yon Lòt Boukantay Prizonye pou Otaj

Hamas lage 2 fanm Izrayelyèn li te kenbe ann otaj nan moman trèv Gaza a pwolonje pou yon lot jou.
Boukantay otaj pou prizonye planifye a fèt yon jou apre Izrayèl ak Hamas te antann yo pou pwolonje seselfe a, ki an plas depi 7 jou.
Nempot ki lot pwolongasyon antant ki te pèmèt plizyè douzèn otaj ak prizonye jwenn liberasyon yo taka difisil paske yo atann yo aske Hamas mande yon pi gwo pri pou rès moun li kenbe ann otaj yo.
Kominote entènasyonal la mete anpil presyon sou 2 pati yo pou yo kontinye respekte trèv la pi lontan posib, apre plizyè semèn bonbadman Izrayelyen. Izrayèl te atake Gaza kom revanj pou atak militan Hamas yo te lanse kont li 7 Oktob pase a.
Atak Izrayelyen yo touye plizyè milye moun nan Gaza. Izrayèl di gen yon afè 1,200 Izrayelyen ki mouri pandan atak Hamas la 7 Oktob pase a.