Accessibility links

Breaking News

Yon Tanpèt Ivè kap Pote Nèj, Lagrèl ap Travèse Etazini


Yon dam ap tann nan yon stasyon bis sou boulva Martin Luther King la nan Chicago, 2 Fevriye 2022.
Yon dam ap tann nan yon stasyon bis sou boulva Martin Luther King la nan Chicago, 2 Fevriye 2022.

Yon gwo tanpèt ivè ap travèse rejyon kote plizyè milyon Ameriken abite, e li pote avèl lagrèl ak lapli.

Sa lakoz konpayi ayeryen kap opere nan rejyon santral Etazini oblije anile dè santèn vòl, gouvènè o mande sitwayen yo pa pran lari, epi fèmen lekòl ak inivèsite yo.

Gwo fredi a te komanse rive Madi swa nan eta Nouvo Meksik, Colorado ak Maine. Meteyowolojis lanse avètisman bay moun nan eta sa yo pou yo rete vijilan akoz move tan kap vini an.

Eta Oklahoma, Kansas, Missouri, Illinois, Indiana ak Michigan yomenm anba lagrèl ak nèj jodia.

Pi gwo nèj la ta sipoze tonbe sou Missouri, Indiana, ak Illinois, tandiske eta Kentucky ak Memphis yomenm sipoze gen anpil glas.

XS
SM
MD
LG