Accessibility links

Breaking News

Punxsutawney Phil Predi 6 Lòt Semen Sezon Ivè a


A.J. Dereume kenbe Punxsutawney Phil, yon marmot ki ka predi tan an, pandan 136e selebrasyon Groundhog Day, nan eta Pensilvani, 2 Fevriye 2022.
A.J. Dereume kenbe Punxsutawney Phil, yon marmot ki ka predi tan an, pandan 136e selebrasyon Groundhog Day, nan eta Pensilvani, 2 Fevriye 2022.

Ap gen 6 lòt semen sezon ive a. Se prediksyon sa marmòt Punxsutawney Phil fè jodi Mekredi a lè li soti nan twou kote lap viv la a l'okazyon Groundhog Day, jounen marmòt.

Dè milye Ameriken ta rasanble nan Gobbler's Knob, nan moman manm sèk pwòch Punxsutawney Phil yo te rele'l pou fè'l soti nan pye bwa kote li te kache apre soley la te leve pou we si li wè lombraj li.

Apre prediksyon Phil la te anonse, foul la te pran rele "6 lòt semèn!".

Dapre tradisyon fòlklorik Ameriken an, prentan tap rive pi bonè si'l pat wè lombraj li.

Tandiske Punxsutawney Phil taka marmòt ki gen plis renome e ki fè prediksyon nan mond lan, se pa limenm sèl ki egziste.

Gen yon konpetitè ki pat dakò ditou ak prediksyon li. Nan Staten Island nan Nouyòk, marmòt ki rele Chuck la atann ni aske prentan pral rive rapido presto.

XS
SM
MD
LG