Accessibility links

Breaking News

Apre Tanpèt Nèj la, Kòt Es Etazini ap Debleye


Bil McKelvey, moun Scituate, eta Massachusetts sevi ak yon aparey pou wetire nej devan kay li, Dimanch 30 Janvye 2022.
Bil McKelvey, moun Scituate, eta Massachusetts sevi ak yon aparey pou wetire nej devan kay li, Dimanch 30 Janvye 2022.

Solèy la te klere sou pi fò kòt Es Etazini Dimanch, yon jou apre yon tanpèt ivè fewòs te lage gwo nèj ak van sou pi fò rejyon sa a. Gen plis pase 100 mil moun ki san kouran lakay yo.

Gwo van ki te frape zòn nan Samdi vinn diminye jodia, e tanperati a rive a 20 degre Farenheit nan moman moun tap kite kay yo pou yo debleye.

Tanpet la lage nèj depi eta Vijini pou rive nan Maine, men se Massachusetts ki te pran pi gwo kou a. Vil Sharon ak Stoughton pran plis pase 2 pye edmi nej anvan tanpèt la t'al fè wout li.

Gen 35,000 Ameriken ki san elektrisite nan Massachusetts apremidi a.

XS
SM
MD
LG