Accessibility links

Breaking News

Kòt Es Etazini Anba Gwo Nèj, Van ak Inodasyon


Yon koup mache nan lanej sou Beacon Street nan vil Boston, Massachusetts, Samdi 29 Janvye 2022.
Yon koup mache nan lanej sou Beacon Street nan vil Boston, Massachusetts, Samdi 29 Janvye 2022.

BOSTON - Prèske 2 pye nèj tonbe sou kek rejyon nan nodès Etazini apre yon tanpèt ivè fewòs.

Gwo van ap soufle jodi Samdi a nan kèk vil nan eta Massachusetts. Van an leve nèj la konplètman nan kèk katye, panda ke li kreye kèk kolin nan lòt yo.

Plizyè vol avyon te anile nan ayeropò Nouyòk, Boston ak Filadelfi. Meteyowolojis yo di Boston taka resevwa yon kantite nèj ki va bat rekò ki egziste yo.

Move tan an koze inondasyon tou nan vil ki sitye bo lanmè yo e li koupe elektrisite nan prèske 120,000 kay ak biznis nan eta Massachusetts.

Apre tanpèt la, yo predi yon gwo fredi.

XS
SM
MD
LG