Accessibility links

Breaking News

Ka Enfeksyon COVID pami Atlèt Olenpik yo, Antrenè Ogmante Anpil


Yon travaye pare pou'l bay yon tes COVID-19 nan Jezolenpik Ive 2022 y o nan Peken, 1 Fevriye, 2022.
Yon travaye pare pou'l bay yon tes COVID-19 nan Jezolenpik Ive 2022 y o nan Peken, 1 Fevriye, 2022.

Atlèt ak responsab ekip ap teste pozitiv pou COVID-19 a yon to ki pi wo anpil pase lot moun kap rive nan La Chinn pou asiste Jezolenpik yo.

Oganizatè lokal yo di gen 11 moun ki teste pozitif Lendi pami atlèt ak responsab yo, yon jou kote 379 moun te rive nan ayewopo a.

Otorite Chinwa yo mete moun sa yo ann izolman e yo taka rate konpetisyon yo.

To tès pozitiv la ki se 2,9% pou atlèt ak responsab yo konpare ak lot travayè epi manm laprès yo ki se 0,66%.

To sa a ke yo anrejistre pandan 3 jou ki sot pase yo 40% pi wo pou atlèt ak responsab yo.

Tout moun kap asiste Jezolenpik yo oblije fè tès COVID. To enfeksyon an te 100 fwa pi wo Lendi pou atlèt yo ak responsab yo konpare ak senp anplwaye je yo.

XS
SM
MD
LG