Accessibility links

Breaking News

CDC: Gen Mwens Ka Maladi Grav ak Varyan Omicron an


Outbreak of the coronavirus disease (COVID-19) in Porto Alegre
Outbreak of the coronavirus disease (COVID-19) in Porto Alegre

Chèchè nan sant kontwol ak prevansyon maladi a di gen mwens ka maladi grav ke varyan omicron kowonavirus la lakoz malgre li atrapan anpil.

Daprè yon etid ki parèt semèn sa a, Ajans Sante federal la CDC montre kantite paysan yo admèt nan swen entansif nan lopital ant 19 desanm ak 15 Janvye --period kote omicron te bay plis frap yo, te gen apeprè 26 pousan mwens ka maladi pase lè varyan Delta a t-ap vale teren, e 29 pousan mwens ka pase tout ka enfeksyon Covid-19 ke peyi a te konte ane pase pandan sezon ivè a.

Etid CDC a jwennn ke paysan ki enfekte ak virus la te konn rete lopital an mwayenn 5 vigul 5 jou pandan period omicron an konpare a 7 vigul 6 jou lè Delta t-ap valen teren e apeprè 8 jou lè ka enfeksyon yo te moute wo nan sezon ivè pase.

Chechè yo di gen plizyè faktè ki lakoz gen mwens ka maladi grav Covid-19 la pandan ogmantasyon omicron nan, pami yo gen yon gwo kantite ameriken ki vaksinen e ki resevwa vaksen booster, ansanm ak plis moun ki gen pwoteksyon paske yo te gen enfeksyon an deja.

Men varyan Omicron an provoke yon kantite rekò enfeksyon ak ka moun ki entène lopital chak jou nan Etazuni, sa ki pouse anpil systèm lopital rive nan limit kapasite yo pandan gen an mwayèn 2-mil ka mòtalite oubyen plis pa jou.

2 nouvo etid revele ki moun ki ka gen plis chans pou yo soufri avek pwoblèm ke enfeksyon Covid-19 ap kite sou yo pou lontan –yon kondisyon ke yo rele: “Long Covid”.

Pandansetan. Chechè yo ap kenbe je yo louvri sou yon nouvo varyan Omicron nan ke yo detekte kounye a nan plis pase 40 peyi.

XS
SM
MD
LG