Accessibility links

Breaking News

Mali : Militè Mande Anbasadè Franse a Lage Pyel


 Joël Meyer
Joël Meyer

Nan televizyon leta a otorite yo anonse ke gouvènman malyen ke militè yo ap dirije te deside mete anbasadè franse a deyò nan peyi a, kote gen anpil pale anpil ant Bamako ak Paris.

"Gouvènman nan Repiblik Mali enfòme opinyon nasyonal ak entènasyonal ke jodi a (...) Minis Afè Etranjè ak Koperasyon Entènasyonal nou te konvoke anbasadè franse a nan Bamako, Ekselans Joël Meyer,(ak) e nou te avèti ke gouvènman pran desizyon pou bali "72 èdtan pou kite teritwa nasyonal la ".

Otorite malyen yo jistifye desizyon sa a pa dènye deklarasyon "ostil" ofisyèl franse yo fè kont yo.

Konvokasyon sa a make pa tansyon ki genyen ant Mali ak Lafrans, kote ansyen pouvwa kolonyal ki gen militè nan Mali ak peyi ki nan Sahel yo depi 2013. Relasyon yo kontinye deteryore depi lè kolonèl la te pran kontwòl peyi a nan mwa Out 2020.

XS
SM
MD
LG