Accessibility links

Breaking News

Mali: 7 Sòlda Nasyonzini Mouri 3 Lòt Blese Grav nan yon Eksplozyon

Des soldats sénégalais de la mission de maintien de la paix des Nations unies au Mali (MINUSMA) patrouillent à pied dans les rues de Gao, le 24 juillet 2019, au lendemain d'une attaque contre une base internationale de maintien de la paix au Mali.

Sèt sòlda Nasyonzini te mouri ak twa lòt blese grav nan yon eksplozyon nan Mali, dapre Misyon Nasyonzini nan Mali (MINUSMA)

MINUSMA anonse sou kont Twitter li , " ke yon aparèy eksplozif te frape yon konvwa lojistik fòs (MINUSMA) a ki t ap soti Douentza pou ale Sévaré ". Yon premye evalyasyon montre sèt solda te mouri ak twa lòt te blese, men yo pa spesifye nasyonalite viktim yo.

Dapre enfòmasyon yo te bay ensidan an te fèt nan zòn Bandiagara, nan rejyon Mopti.

MINUSMA deplwaye nan Mali depi 2013, yo se misyon pou lapè Nasyonzini genyen ki gen plis solda ki mouri nan mond lan.

XS
SM
MD
LG