Accessibility links

Breaking News

Rapò Nasyonzini: Taliban yo Touye plis Pase 100 Ansyen Manm Gouvènman an


FILE - A Taliban fighter stands at a check point in Herat, Afghanistan, Nov. 28, 2021.
FILE - A Taliban fighter stands at a check point in Herat, Afghanistan, Nov. 28, 2021.

Rapò Nasyonzini an akize Taliban yo ak alye yo ke yo te touye plis pase yon santèn ansyen manm gouvènman an ak fòs sekirite Afganistan yo ki te travay ak twoup etranje yo.

Dokiman sa a, yon kopi ke AFP te jwenn dimanch, Jounalis AFP remake tou yon gwo restriksyon sou dwa moun nan peyi Afganistan depi lè Taliban yo a p dirije peyi a, an patikilye konsènan dwa fanm yo genyen ak dwa pou yo manifeste.

Rapò Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres te di ke kontinye resevwa rapò kredib sou 'omisid, disparisyon fòse ak lòt ofans kont moun sa yo, "Malgre yon anons amnisti jeneral pou ansyen ofisyèl gouvènman yo, fòs sekirite yo ak moun ki te travay pou pèsonèl militè etranje yo, Manua (Misyon Asistans Nasyonzini an Afganistan).

Depi Taliban yo te sezi Kaboul nan dat 15 out, misyon Nasyonzini an te resevwa plis pase yon santèn rapò sou asasina ke li konsidere kredib.

Okenn peyi pa rekonèt gouvènman Taliban nan etap sa a.

Avèk povrete ki vin pi grav ak sechrès ki devaste agrikilti nan anpil zòn nan peyi a, Nasyonzini te avèti ke mwatye popilasyon (38 milyon) Afgan yo gen risk pou yo pa jwenn manje pou yo manje.

Konsèy Sekirite a te adopte yon rezolisyon an Desanm pou fasilite èd imanitè antre nan peyi Afganistan pou yon ane.

XS
SM
MD
LG