Accessibility links

Breaking News

Afganistan: L'ONU Lanse Apèl pou Jwenn yon Total $8 Milya Asistans Imanitè


REP-GEN AFGANISTÁN-DÍA A DÍA-FOTOS
REP-GEN AFGANISTÁN-DÍA A DÍA-FOTOS

Sekretè Jeneral l-ONU an avèti Mèkredi ke se yon fil sèlman ki kenbe Afganistan, pandan òganizasyon an lanse apèl pou jwenn yon total $8 milya asistans imanitè pou plis pase 22 milyon Afgan ane sa-a.

"Nan zafè ijans imanitè konplèks, pa gen pi mal pase sa pou Afganistan," se pawòl Antonio Guterres nan yon reyinyon Konsèy Sekirite l-ONU an.

Ekonomi Afganistan an ap plonje desan depi kèk mwa, peyi a anba sechrès, e yon sezon ivè brital k ap frape peyi a, sa ki agrave soufrans pèp-la nan lavi chak jou a.

Taliban, ki te sezi pouvwa-a sa gen preske 6 mwa, paka jwenn plizyè milya dola lajan gouvènman dechi a ki bloke nan lòt peyi pandan kominote entènasyonal-la ap tann pou wè kouman Taliban an ap konpòte-l.

XS
SM
MD
LG