Accessibility links

Breaking News
Azi

Kore di Nò Konfime Li Teste yon Misil ki Ka Frape Guam


Moun gade yon ekran televizyon ki montre lansman yon misil Kore di No pandan yon emisyon nouvel nan stasyon tren Seoul la nan vil Seoul, Kore di Sid, Dimanch 30 Janvye 2022.

Kore di Nò fe konnen li teste yon misil pote entemedye ki gen kapasite pou'l rive sou teritwa Etazini - an palan de zile Guam.

Lansman sa a reprezante dapre ekspe yo ese ki gen plis enpotans Nò a fe depi plizye zane.

Ajans Nouvel ofisyel Santral Kkoreyen an deklare Lendi ke ese ki fet dimanch la sou misil Hwasong-12 la te vize evalye misil sa a epi verifye presizyon li.

Washington gen entansyon reponn ak yon mezi li pa spesifye pou montre angajman li pran vizavi sekirite alye li yo nan rejyon sa a.

Lansman Dimanch la se ese ki soulve plis atansyon Kore di Nò fe depi ane 2017, le li te lanse misil Hwasong-12 la ak misil long pote li yo pandan te gen anpil tansyon ant limenm ak Etazini.

XS
SM
MD
LG