Accessibility links

Breaking News
Azi

Kore di Nò Teste Sak Sanble yon Misil Long Pòte


Moun gade yon ekran televizyon ki montre lansman yon misil No Koreyen pandan yon emisyon nouvel nan yon stasyon tren nan vil Seoul, Kore di Sid, Dimanch 30 Janvye.
Moun gade yon ekran televizyon ki montre lansman yon misil No Koreyen pandan yon emisyon nouvel nan yon stasyon tren nan vil Seoul, Kore di Sid, Dimanch 30 Janvye.

SEOUL - Kore di Nò lanse sak sanble misil pi pwisan li janm teste depi Prezidan Ameriken Joe Biden monte sou pouvwa a.

Sanble Pyongyang ap reprann taktik lwijanboje li te konn anplwaye nan tan lontan pou fòse Washington ak vazen li fè konsesyon nan moman diplomasi ant 2 peyi yo bloke.

Otorite Japonè yo di egzamen preliminè yo fè sou pòte misil la montre li te rive a yon altitid maksimòm 2,000 kilomat e li te vwayaje 800 kilomet anvan li te tonbe nan lanmè.

Trajektwa sila a sigjere Kore di Nò teste misil balistik pi long pòte li a, ki montre potansyèl pou'l rive byen fon sou teritwa Etazini.

XS
SM
MD
LG