Accessibility links

Breaking News

Men Kisa Lamezonblanch ap Fè pou Ede Ayiti Rezoud Ensekirite a


Pot pawol Lamezonblanch, Jen Psaki reponn kestyon jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 25 Janvye, 2022.
Pot pawol Lamezonblanch, Jen Psaki reponn kestyon jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 25 Janvye, 2022.

WASHINGTON - Lamezonblanch bay kèk detay sou kijan lap ede Ayiti rezoud pwoblèm ensekirite a Mèkredi, pandan konferans pou laprès kotidyèn nan. Men kestyon nou poze epi repons pòt pawòl la bay.

JOUNALIS: Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau lanse apel pou pran aksyon touswit pou rezoud ensekirite a ann Ayiti. Kisa Etazini ap fè sou sa.

MEZON BLANCH: "Semèn pase a, Sekretè d'eta Adjwen Wendy Sherman te patisipe nan yon rankont ministeryèl Kanada te òganize pou diskite sou solisyon enklizif yo ka aplike pou fè fas ak defi ki prezante pou Ayiti ak Ayisyen. Rankont ministeryèl la sete yon opòtinite pou lidè global yo ak responsab nan wo nivo reafime angajman kominote entènasyonal la kontinye pran vizavi Ayiti nan moman peyi a ap fè fas ak ensekirite kap vinn pi grav chak jou, epi travay pou retabli enstitisyon demokratik yo epi bay ekonomi a yon bourad.

Nap travay ak otorite Ayisyen yo epi patnè entènasyonal nou yo pou dispoze kèk lot sistèm Ameriken pou Polis Nasyonal Ayiti ki va ranfose operasyon anti-gang yo epi mentni lapè ak stabilite. Nou reponn bezwen imanite Ayiti tou, USAID bay $92 milyon dola asistans pou ane fiskal 2021 an. Donk nap travay divès fason sere sere ak lot lidè pou gade kijan nou ka fè fas ak bezwen imanitè peyi d'Ayiti, fè fas ak ensekirite a epi aji ansanm yon fason kowòdine nan moman Ayiti ap gade vè lavni.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Patsy Widakuswara ak Anita Powell kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG