La Mezon Blanch deklare, lendi 16 avril 2018 la, Lèzetazini ap anvizaje kèk sanksyon tou nèf kont Larisi poutèt Moukou apiye rejim Prezidan Bashar El-Assad la nan Siri pandan yon gè sivil kap dewoule depi 7 tan deja, e pou apui Larisi pote bay pwogram fabrikasyon zam chimik Siryen an.
Sekretè Laprès Prezidan Trump la, Sarah Huckabee-Sanders, fè konnen se yon desizyon Washington pral pran anvan lontan. Bo kote pa l, anbasadè Lèzetazini nan Oganizasyon Nasyon Zini an, Nikki Haley --ki t ap abòde dosye a dimanch 15 avrilla nan laprès-- fè konnen desizyon pou aplike nouvo sanksyon kont Larisi a, se yon desizyon gouvènman ameriken an deja pran.
NB. Nou baze foto ak non nou bay yo sou yon lis Depatman Trezò ameriken an te pibliye nan Washington, D.C., nan dat 6 avril 2018 la.