Accessibility links

Breaking News

Prezidan Tirki a Kap Vizite Lagrès Soulinye Nesesite pou Gen yon yo Rafrechi nan Lizyè Fowntyè yo

Prezidan Tirk la Tayyip Erdogan pandan li tap salye piblik la nan Aewopò Ankara a Tirki 7 desanm 2017.
Prezidan Tirk la Tayyip Erdogan pandan li tap salye piblik la nan Aewopò Ankara a Tirki 7 desanm 2017.

Nan peyi Tiki, Prezidan Recep Teyyip Erdogan, deklare jedi 7 desanm 2017 la gen yon nesesite pou yo raflechi trete 1923 a ki, antwot, fikse lizyè fwontyè Tiki ak peyi vwazen li yo.

Misye Erdogan pale konsa pandan li tap fè yon rankont televize ak Prezidan Grèk la, Prokopis Pavlopoulos, nan kòmansman yon vizit 2 jou lap fè nan vil Atèn. Lidè grèk la rejte pozisyon kòlèg tirk li amo paske, daprè li, Trete Lausanne nan merite swa yon revizyon, swa yon miz-a-jou.

Pandan Misye Erdogan nan Atèn, li soulve kesyon gwoup etnik tirk kap viv nan Lagrès yo; li lonje dwèt sitou sou mizilman kap viv nan pwovens Thrace yo epi li mande èske yo gen libète pou yo egzèse relijyon yo.

This item is part of
XS
SM
MD
LG