Accessibility links

Breaking News

Vizit Pap Franswa nan Peyi Myanmar Kote Lap Abòde Dosye Vyolans Kap Fèt kont Mizilman Rohinga yo


Pap Franswa te fèk debake nan ayewopò vil Rangon nan, kapital Peyi Myanmar, ansyen Bimani an. (Foto: Koutwazi l'Osservadore Romano).
Pap Franswa te fèk debake nan ayewopò vil Rangon nan, kapital Peyi Myanmar, ansyen Bimani an. (Foto: Koutwazi l'Osservadore Romano).

Nan Myanmar -ansyen Birmani an-- lidè militè peyi a, Jeneral Min Aung Hlaing, deklare li di Pap Franswa pa gen diskriminasyon kont okenn relijyon nan peyi a, kote Lèzetazini fè konnen mizilman ki sòti nan ras Rohinga yo viktikm sa Washington rele <netwayaj etnik>> ,..

Jeneral Min Aung fè konnen:

<<Peyi Myanmar pa gen okenn dikriminasyon ditou; pa egzanp, lame nou an pa pratike okenn diskriminasyon; lap travay pou lapè ak stablite peyi a.>>

Pap Franswa rankontre ak kòmandan lame a nan moman lap kòmanse yon vizit nan ansyen Birmani an, kote li tanmen yon toune nan rejyon sidès azyatik la. Pandan Souvren Pontif la nan Birmani an, li gen pou l abòde ak otorite yo dosye vyolans kap fèt nan Eta Rakhine e ki deja pouse yon afè de 620 mil mizilman Rohinga kouri al viv nan peyi vwazen, Bangladèch.

Pap Fanswa ak kòmandan lame Peyi Myanmar la, Jeneral Min Aung Hlaing. (Foto: l'Osservadore Romano).
Pap Fanswa ak kòmandan lame Peyi Myanmar la, Jeneral Min Aung Hlaing. (Foto: l'Osservadore Romano).

Aprè yon rankont ki te dire 15 minit e anvan Pap la ak Jeneral Min Aung te fè yon echanj dè kado, pòtpawòl Vatikan an, Greg Burke fè konnenn 2 diyitè yo te abòde gwo responsblite kap peze sou zepòl otorite yo nan peyi a nan yon peryòd tranzisyon.

Pap Franswa se premye lidè siprèm Legliz Katolik ki vizite peyi Birmani. Li te resevwa lidè militè a nan rezidans achevèk Rangon nan, kote Souvren Pontif la pral rete pandan tout sejou li nan peyi a, kap pran fen jedi 30 novanm 2017 la.

XS
SM
MD
LG