Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump di Vwayaj 12 Jou Li Sòt Fè sou Kantinan Azyatik la se Yon Gwo Siksè

Prezdan Trump ki tap pale de vwayaj 12 jou li a ann Azi pandan li tap asiste Somè Asosysyon Peyi Azi Disid yo ki dewoule nan vil Maniy, kapital Filipin. (Foto: Madi 14 novanm 2017).
Prezdan Trump ki tap pale de vwayaj 12 jou li a ann Azi pandan li tap asiste Somè Asosysyon Peyi Azi Disid yo ki dewoule nan vil Maniy, kapital Filipin. (Foto: Madi 14 novanm 2017).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare, madi 14 novanm 2017 la, li “trè fyè” pou toune 12 jou li sòt fè sou kontinan azyatik la kote li vizite 12 peyi. Li fè konnen gen anpil pwogrè ki fèt nan efò pou rezoud pwoblèm ki poze nan divès domèn tankou sekirite ak komès. Pandan Misye Trump tap pale nan yon rankont ki fèt ak tout pòt fè nan vil Maniy, kapital Filipin, kote Somè Peyi Azi Disid yo, li repete pawòl kòmkwa Kore Dinò reprezante yon gwo menas militè nan lemond. Lidè ameriken an di:

“Pwogram misil nikleyè ak balistik Kore Dinò a, menase le mond antye. Mwen lanse apèl bay tout peyi pou yo pote-kotel ak Lèzetazini pou nou rive garanti yon deniklearizasyon total, verifyab e konplè Preskil Kore a.”

Prezidan Trump pandan li tap kite avan lè Somè Peyi Azi Disid yo nan Maniy, Filipin. Dèyè Misye Trump nou wè Sekretè Deta Rex Tillerson ki ta pral ranplase li nan rès somè a. (Foto : Madi 14 novanm 2017).

Prezidan Trump ajoute li kontinye gen kè-sote devan efò Lachin ap fè pou l konstrui e militarize kèk avan-pòs nan Lanmè Sid Chin nan. Pozisyon Lèzetazini sou disye sa a, se pou pati konsène yo itilize mwayen pasifik pou yo rezoud pwoblèm teritoryal yo.”

Pandan Misye Trump tap kite somè Maniy la, li reponn kesyon yon jounalis pou l di:

“Pandan vwayaj sa a, nou rive siyen akò komèsyal pou omwens 300 milya dola; men mwen panse nou pral triple chif sa a fasilman nan yon tan ki pap twò long.”

Yon ti tan apre sa, pandan Misye Trump te abò avyon prezidansyèl la (Air Force One) ki tap kite Filipin pou l ale Awayi, li di laprès :

“Chif 300 milya dola a ki pa konfime, pral miltipliye 4 fwa lavalè trè rapidman; konsa afè nou rive fè pral monte depase chif yon trilyon dola.”

XS
SM
MD
LG