Accessibility links

Breaking News

Moun Kontinye ap Poze Kesyon sou Vrè Rezon Arestasyon Kèk Sitwayen Relijye Ameriken nan Peyi Kore di Sid


Etidayn nan Inivèsite Siyans ak Teknoloji nan Pyongyang Kore di Nò. Foto: AP/David Guttenfelder)
Etidayn nan Inivèsite Siyans ak Teknoloji nan Pyongyang Kore di Nò. Foto: AP/David Guttenfelder)

Sityasyon kote otorite nan Kore di Nò yo mete anba kòd 2 edikatè ameriken ap soulve kesyon pou konnen si akademi kote yo tap anseye a, ke Kretyen finanse, ta dwe ap fonksyone nan peyi sa a kote gouvènman an fè anpil represyon kote yo konside konvèti moun se yon gwo krim.

Medya leta yo nan Kore di Nò konfime, semèn sa a, ke Kim Hak-song, yon Koreyen-Chinwa ki natiralize Ameriken, e ki tap travay kòm chèchè agrikòl nan Inivèsite Syans ak Teknoloji (ki gen ti non PUST) nan kapital la Pyongyang, te jwenn arestasyon l poutèt yo sispèk li ta poze “zak ki kont” gouvènman an.

Kim Sang Dok, yon enstrikstè ki fè kou kontablite nan PUST, ki se yon sitwayen ameriken ke moun rele tou Tony Kim, jwenn arestasyon l nan mwa Avril pase a anba menm jan akizasyon vag sa yo nan Aewopò Entènasyonal Pyongyang nan.

Li pa klè si mesye yo anba kòd paske yo t ap chache simaye kwayans kretyen nan Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG