Accessibility links

Breaking News

Washington poze Kondisyon pou l Negosye sou Sitiyasyon an nan Preskil Kore a

Nan l'ONU, Anbasadè Lèzetazini an, Nikki Haley (mitan), Ambasadè Japon an, Koro Bessho (agoch), ak Ambasadè Kore di Sid la, Cho Tae-yul, nan yon konferans pou laprès aprè yon rankont dijans Konsèy Sekirite l'ONU an sou sitiyasyon nan Preskil Kore a mèkredi 8 mas 2017 la.

Anbasadè Lèzetazini nan Oganizasyon Nasyon Zini an, Nikki Halley, fè konnen Washington ta renmen wè kèk jès pozitif bò kote Kore du Nò anvan pou li aksepte patisipe nan negosyasyon pou bese tansyon an sou Preskil Kore a.

Kore di Nò te lanse 4 misil balistik nan jounen lendi 6 mas 2017 la nan moman Lèzetazini ak Kore di Sid tap kòmanse egzèsis militè yo fè chak ane.
Kore di Nò te lanse 4 misil balistik nan jounen lendi 6 mas 2017 la nan moman Lèzetazini ak Kore di Sid tap kòmanse egzèsis militè yo fè chak ane.

Aprè yon rankont dijans ak tout pòt fèmen ki te rasanble manm Konsèy Sekirite l'ONU an, Madam Haley fè konnen lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, se pa yon moun ki lojik e Konsèy Sekirite a pa wete okenn opsyon sou tab la nan kad demach ki nesesè pou li re-evalye sitiyasyon an nan Kore di Nò.

Konsèy la te mete sou pye yon rankont espesyal ak tout pòt fèmen pou manm yo te twoke lide sou dènye lansman misil balistik Kore di Nò te fè yo --lansman ki te pouse Lachin lanse apèl bay Pyongyang, Sewoul ak Washington pran dispozisyon pou yo evite yon kolizyon dirèk.

XS
SM
MD
LG