Accessibility links

Breaking News

2 Medam yon Akize nan Lanmò Demi-Frè Lidè Kore di Nò a Di yo te Kwè se yon Fim yo Tap Jwe


Sispèk Doan Thi Huong (agoch), ak Siti Aisyah (adwat) te jwenn arestasyon yo nan Malezi an rapò ak asasinay sou Kim Jong Nam ki se demi-frè lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un
Sispèk Doan Thi Huong (agoch), ak Siti Aisyah (adwat) te jwenn arestasyon yo nan Malezi an rapò ak asasinay sou Kim Jong Nam ki se demi-frè lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un

Minis jistis peyi Malezi a fè konnen 2 fanm ki jwenn arestasyon yo an rapò ak asasinay demi-frè lidè Kore di Nò a Kim Jong Un, pwal devan tribinal mèkredi 1 mas 2017 la pou reponn kesyon jij natirèl yo.

2 sispèk yo, Siti Aisyah ki se moun peyi Endonezi, ak Doan Thi Houng, moun Vyetnam, fè konnen yo te kwè yo tap patisipe nan yon pwogram televizyon ki te gen malis ladann. Akizayon ki pwal sou do yo mache ak pèn lanmò.

Kim Jong Nam mouri 13 Fevriye 2017 pase a, yon ti moman apre 2 medam te flite sou figi li sa ke otorite nan Malezi dekri kòm gaz pwazon VX nan aewopò kapital Malezi a Kwala Lumpur. Atak la te anrejistre sou kamera sekirite aewopò a.

Otorite yo idantifye 7 lòt sispèk ki se moun Kore di Nò. Lapolis nan Malezi ap chache yo pou poze yo kesyon.

XS
SM
MD
LG