Accessibility links

Breaking News

Militan Eta Islamik yo Gen Kapasite pou Fabrike Zam de Gè Sofistike Dapre CAR, yon Gwoup Espesyalis nan Zafè Ameman


Zam sofistike ak minisyon militan Eta Islamik la fabrike nan vil Bashiqa, Mosul, Irak. Foto: 14 desanm, 2016.
REUTERS/Azad Lashkari
Zam sofistike ak minisyon militan Eta Islamik la fabrike nan vil Bashiqa, Mosul, Irak. Foto: 14 desanm, 2016. REUTERS/Azad Lashkari

Pandan kèk mwa anvan ofansiv lame Irak la te lanse nan vil Mosoul, militan gwoup Eta Islamik yo te fabrike plizyè milye mòtye, wokèt, bonm ak minisyon nan kad antrepriz nan nivo endistriyèl militan yo te tabli nan tout Kalifa a, an palan de tout teritwa ki anba men gwoup la.

Zam endijèn gwoup Eta Islamik la fabrike e ke lame irakyen an sezi pandan operasyon pou reprann Mosoul, Irak.Foto: Kawa Omar (VOA)
Zam endijèn gwoup Eta Islamik la fabrike e ke lame irakyen an sezi pandan operasyon pou reprann Mosoul, Irak.Foto: Kawa Omar (VOA)

“Sistèm pwodiksyon zam militan yo gen kontwòl sou kalite ak presizyon nan wo nivo e gen yon santral ki kontwole kalite pwodiksyon an,” dapre CAR, yon òganizasyon ki espesyalize nan zam, ki baze nan vil Lond ann Angletè, ke Inyon Ewòp la finanse, e ki swiv izaj ak deplasman zam konvansyonel.

Nan yo rapò CAR pibliye mèkredi 14 Desanm, anketè yo di yo rasanble prèv sou plis pase 5000 wobi ak mòtye nan divès etap pwodiksyon, zam endistri gwoup eta islamik la pwodui. CAR rapòte ke li gen prèv sou 500 mòtye ki te pare pou izaj, ke fòs irakyen yo te ranmase sou chan-batay la.

Ekspè CAR yo estime kantite zam gwoup Eta Islamik la te fabrike kèk mwa avan lansman atak lame Irak sou vil Mosoul rive nan plizyè dizèn milye. Dapre CAR, materyo pou pwodui zam sa yo te soti nan peyi Tiki.

XS
SM
MD
LG