Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pral Ajoute 600 Zòm sou Efektif Militè li nan Irak


Sòlda ameriken ak polisye Irakyen pandan yo tap mennen yon operasyon nan rejyon Bab al-Jadeed, tou prè vil Mosoul, ki sou yon distans 360 kilomèt (225 mil) o nodwès Bagdad, kapital Irak. (Foto/Dosye: AP/ Maya Alleruzzo).
Sòlda ameriken ak polisye Irakyen pandan yo tap mennen yon operasyon nan rejyon Bab al-Jadeed, tou prè vil Mosoul, ki sou yon distans 360 kilomèt (225 mil) o nodwès Bagdad, kapital Irak. (Foto/Dosye: AP/ Maya Alleruzzo).

Lèzetazini pral voye nan peyi Irak yon lòt detachman militè kap genyen 600 zòm ladan n pou ede lame peyi sa a nan efò lap fè pou l reprann vil Mosoul nan men konbatan Gwoup Eta Islamik la.

Se minis defans ameriken an, Ashton Carter, ki fè anons la nan jounen mèkredi 28 septanm 2016 la. Anvan sa, yon otorite wo-plase nan Pentagòn nan te deklare :

“An konsultasyon avek gouvènman irakyen an, Lèzetazini pare pou l mete plis pèsonèl militè a la dispozisyon Irak pou antrene ak konseye lame peyi sa a nan moman Irak ap planifye yon operasyon pou l ranfòse kanpay ki sou pye pou l reprann Mosoul."

Pou le moman efektif militè Lèzetazini ki nan Irak se 4 mil 600 sòlda, san konte sila yo ki la sou yon baz tanporè sèlman. Biwo Premye Minis irakyen an, Haider Al-Abadi, fè parèt yon deklarasyon kote li konfime gouvènman an fè yon rekèt final pou l mande Lèzetazini ogmante kantite antrenè ak konseye militè kap ede lame Irak la nan vil Mosoul, ki nan nò peyi a.

XS
SM
MD
LG