Accessibility links

Breaking News

“Kowalisyon an Ap Byen Mennen sou Gwoup Eta Islamik la”, daprè Prezidan Obama


Prezidan Barack Obama pandan li tap pale nan katye-jeneral CIA a nan Eta Vijini, tou pre Washington DC.
Prezidan Barack Obama pandan li tap pale nan katye-jeneral CIA a nan Eta Vijini, tou pre Washington DC.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare kowalisyon Lèzetazini ap dirije a genyen bon jan van nan vwal li, lap byen mennen nan lit kont Gwoup Eta Islamik la e li pral kontinye sou menm kous la. Misye Obama, ki te fè deplasman an nan Eta Vijini pou l pran lapawòl nan katye jeneral Ajans Ransèyman Federal la (CIA), di plizyè milye atak ayeryen kowalisyon an rive elimine plizyè milye konbatan gwoup la ak lidè yo. Prezidan Obama deklare:

Yon avyon kowalisyon an ki tap ateri apre kèk sòti ki te vize pozisyon Gwoup Eta Islamik la nan Irak. Li te dekole sou pòtavyon ameriken USS George H.W. Bush nan Gòlf Pèsik la. (Foto achiv).
Yon avyon kowalisyon an ki tap ateri apre kèk sòti ki te vize pozisyon Gwoup Eta Islamik la nan Irak. Li te dekole sou pòtavyon ameriken USS George H.W. Bush nan Gòlf Pèsik la. (Foto achiv).

“Li pi difisil ke jamè pou yo deplase e pou yo rasanble konbatan; lè yo eseye, nou elimine yo. Gwoup Eta Islamik la jwenn mwayen, kanmèn, fè ti pwogrè nan kèk zòn nan Siri ak Irak; men li pa rive ranpòte tèlman gwo siksè nan atak li lanse sou teren an depi grand vakans pase yo.”

Misye Obama ajoute nan jou ak semèn kap vini yo, kowalisyon an gen plan pou l lanse plis atak sou zòn Gwoup Eta Islamik la okipe yo.

XS
SM
MD
LG