Accessibility links

Breaking News

Mès Pap Franswa devan 300 Mil Fidèl Meksiken - Li Denonse Trafik Dwòg.

Samdi 13 fevriye 2016: premye jou vizit pap la o Meksik. Pap Franswa eseye yon chapo meksiken ak gwo rebò (Charro mexicano) yon fidèl te ofri li sou prensipal plas piblik vil Meksiko a, El Zocalo. (Foto AP/Christian Palma).

Pap Franswa, kap fè yon vizit 5 jou o Meksik, ap vwayaje lendi 15 fevriye a nan rejyon Chiapas, kote majorite popilasyon an se endijèn, pou l prezide yon mès ki pral fèt nan 3 lang endijèn. Apre sa, Souvren Pontif la gen pou l vizite vil Morelia, kapital Eta Michoacan kote kiltivatè yo te pran lèzam an 2013 pou yo te lite kont sa yo te rele "Chevalye katèl dwòg yo."

300 mil fidèl te rasanble nan katye Ecatepec, nan vil Meksiko, nan jounen dimanch 14 fevriye 2016 la, pou yo te wè e tande Pap Franswa.
300 mil fidèl te rasanble nan katye Ecatepec, nan vil Meksiko, nan jounen dimanch 14 fevriye 2016 la, pou yo te wè e tande Pap Franswa.

Nan jounen dimanch 14 fevriye 2016 la, chèf Legliz Katolik Womèn nan te dirije yon mès an plen-è an prezans 300 mil fidèl nan yon katye ki rele Ekatepek, nan kapital la, Meksiko. Pap la denonse trafik dwòg ak vyolans ki makònen ak trafik sa a. Se yon tèm li pral kontinye devlope pandan tout vizit li a nan peyi Meksik. Souvren Pontif deklare:

"Ann mete sa byen nan tèt nou: Pa ka gen dyalòg ak dyab la."

Pap la kontinye pou l envite fidèl yo reziste kont vanite, ògèy ak richès. Li lanse apèl bay sitwayen meksiken yo pou l mande yo jwe wòl prensipal la nan lit pou prepare avni peyi yo.

XS
SM
MD
LG