Accessibility links

Breaking News

Dosye Refijye / Dilèm pou Lewòp – Lèzetazini Aksepte Resevwa 10 Mil Siryen


Polisye alman kap enskri refijye nan yon estasyon tren nan vil Freilassing, nan pati sid Lalmay, anvan yo mete yo nan otobis pou mennen yo nan rezidans kap tann yo. (Foto: AP/Kerstin Joensson,14 septanm 2015)
Polisye alman kap enskri refijye nan yon estasyon tren nan vil Freilassing, nan pati sid Lalmay, anvan yo mete yo nan otobis pou mennen yo nan rezidans kap tann yo. (Foto: AP/Kerstin Joensson,14 septanm 2015)

Minis enteryè peyi-manm Inyon Ewòp la ap rankontre nan jounen lendi 14 septanm 2015 la pou yo abòde fason pou yo distribiye responsablite a konsènan yon flo refijye kap antre san rete sou kontinan an. Rankont sa a --kap fèt nan vil Briksèl-- ap dewoule yon jou anvan antre an aplikasyon yon lwa La Ongri adopte pou l jije e kondane tout moun ki vyole fwontyè peyi e ki eseye sove anba men gad fwontyè li yo.

Kèk peyi ewopeyen --sitou peyi Ewòp de Lès yo-- blame Lalmay poutèt tout gwo kantite imigran sa yo ki anvayi kontinan an. Sepandan, Lalmay, bò kote pa l, pa kontan ditou ak kèk peyi-manm Inyon an ki montre yo pa dispoze aksepte responsablite pou yo pataje fado a.

Ozetazini, administrasyon Obama a pataje kè-sote refijye sa yo bay tou patou nan lemond. Se konsa gouvènman an anonse lap anvizaje posiblite pou l ta resevwa jiska 10 mil nan sitwayen siryen kap kouri kite peyi yo. Sepandan kèk manm kongrè a --espesyalman Repibliken yo-- di yo gen preokipasyon devan posiblite pou teworis ta enfiltre imigran sa yo. Pa egzanp, se opinyon Michael McCaul, yon depite repibliken. Depute McCaul di :

" Si m gen garanti moun sa yo merite konfyans, m ap dispoze pou m apiye lide a. Men nou pa konnen ki moun yo ye."

Sepandan pòt-pawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, pa wè bagay yo menm jan ak palmantè McCaul. Li bay pozisyon ofisyèl administrasyon an nan deklarasyon sa a:

"Nou pap pran okenn wout dekoupe pou sa k konsène sekirite nou. Wi, nou pral fè efò pou n akselere pwosesis la e pèmèt plis moun posib benefisye. Sepandan, nou pap fè sa san nou pa pran tout prekosyon ki nesesè pou nou pwoteje sekirite nou."

Obsèvatè ki an favè lide pou Lèzetazini resevwa refijye lakay li, fè konnen si peyi a aksepte 10 mil moun, lap fè yon pa nan bon direksyon an; men, daprè yo, chif sa a pa ase lè w konsidere se dè milyon moun ki deja kite peyi Siri.

XS
SM
MD
LG