Yon ti moman aprè kanpay prezidansyèl la te ouvè mèkredi 9 septanm 2015 la, yon konfli eklate pami 2 kandida a la prezidans pou sektè pwotestan an. Nan yon reyinyon ki dewoule nan menm jounen mèkredi a, plis pase yon santèn lidè pwotestan òganize yon rankont kote yo tout -san wete youn- vote pou yo chwazi kandida platfòm politik CANAAN, Pastè Chavannes Jeunes, kòm reprezantan yo nan eleksyon prezidansyèl 25 oktòb 2015 la nan plas Clarens Renois ki te jwenn favè majorite a nan yon vòt yon komisyon te òganize semenn pase a. Reveran Jeune, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, mande komisyon an kanpe tout aktivite li tap mennen an favè Misye Renois, ki se kandida pati UNIR (Union Nationale pou l'Intégrité et la Réconciliation).
Pandansetan, lòt nouvèl konsènan Ayiti fè konnen ajan sekirite Prezidan Michel Martelly fè kèk patizan Clarens Renois pase yon move moman nan vil natal kandida UNIR la, Dame Marie, nan depatman Grand'Ans peyi a kote li t ap lanse kanpay li mèkredi 9 septanm nan. Ensidan sa a rive nan moman Misye Martelly t ap patisipe nan yon evennman pou make yon fèt patwonal kote kandida Misye Rebois t ap pare pou l pran lapawòl devan patizan l yo. Sou kesyon revirman brid soukou ki fèt nan mitan sektè pwotestan an, kandida Pati UNIR la di gwoup lidè pwotestan ki chwazi Pastè Jeune nan plas li a, se yon seri magouyè k ap simen latwoublay nan sektè a. Clarens Renois ajoute li toujou konsidere tèt li kòm kandida sektè pwotestan an toutotan komisyon ki te chwazi l la pa pran yon desizyon nan sans kontrè a.
Yon lòt kote, Prezidan Federasyon Pwotestan d’Ayiti, Pastè Sylvain Exantus, mande pati konsène yo chita ansanm pou yo chache rezoud pwoblèm ki poze antre yo. Reveran Exantus di ensidan ki pase nan mitan sektè pwotestan an pa bon pou imaj sektè a ap pwojte devan piblik la, e li raple legliz pa dwe mele nan politik, menmsi fidèl yo gen dwa enplike nan aktivite yon pati yon fason endepandan.
Anfen, pati politik ak kandida ki te patisipe nan eleksyon lejislatif 9 out 2015 la anonse yo pral kontinye manifeste pou jis vandredi 11 septanm nan pou mande anilasyon eleksyon yo ak demisyon tout manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a.