Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: BCED Lwès 1 an Kòmanse Tande Kontestasyon Rezilta Lejislativ 9 Out 2015 la


Foto yon kandida pou pòs depite nan eleksyon 9 dawout la
Foto yon kandida pou pòs depite nan eleksyon 9 dawout la

Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal yo kòmanse tande avoka kandida ki konteste rezilta eleksyon lejislatif yo dimanch 9 dawout 2015 la. Demarch sa yo ap fèt nan moman vwa ap leve nan plizyè depatman pou mande swa anile ou byen refè eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 26 out 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:07 0:00
Direct link

Yon lòt kote, plizyè kandida ak pati politik Fuzyon Sosyo Demokrat yo ak lòt regroupman politik fè yon sit-in devan Biwo Elektoral Depatmantal Wès 1an pou pwoteste kont rezilta premye tou eleksyon lejislatif yo. Sekretè Jeneral Fusion an, Injenyè Rosemond Pradel, di objektif la se fòse enstitisyon elektoral la fòme yon komisyon pou evalye eleksyon an. Sit-in sa a fèt apre plizyè òganizasyon nan Sosyete Sivil la (RNDDH, CNO, ak CONANE) pibliye rezilta obsèvasyon yo fè sou dewoulman eleksyon yo pou mande enstitisyon elektoral la mennen yon ankèt serye sou mank-e-melanj ki te genyen pandan jounen elektoral la.

Aktyalite elektoral la ann Ayiti toujou: Biwo Elektoral Depatmantal Sidès la resevwa 13 ka kontestasyon kont eleksyon ki te dewoule pou pòs senatè ak depite nan depatman an. Korespondan nou Eveline Adonis di nou prezidan BED la, Kesnel Petion, fè konnen responsab yo pap pèdi tan pou yo fòme Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal la ki pral tande avoka kandida yo.

XS
SM
MD
LG