Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kiba: Yon Anbasad Amerikèn Tou Nèf Ouvè Pòt Li nan La Avàn


Sekretè Deta John Kerry pandan li tap kite Washington pou l ale Kiba.
Sekretè Deta John Kerry pandan li tap kite Washington pou l ale Kiba.

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, pral ise drapo Lèzetazini an sou tèt yon anbasad amerikèn tou nèf nan La Avàn vandredi 14 zout 2015 la, nan moman Kiba ak Lèzetazini retabli relasyon diplomatik yo aprè plis pase 50 tan. Sepandan, kèk pwoblèm poko jwenn solisyon toujou aprè yon demi syèk ostilite. Antonio Rodiles, yon disidan kiben, bay opinyon li nan deklarasyon sa a:

"Nou kwè vrèman bagay yo pa fèt jan yo ta sipoze fèt la pou sa k konsènen domèn dwamoun nan, yon domèn ki ekstrèmman enpòtan pou fè pwomosyon pou demokrasi pandan pwosesis politik sa a."

Bò kote pa l, chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry --ki gen pou l rankontre ak kèk disidan kiben aprè seremoni monte drapo a-- bay chèn televizyon latino-amerikèn Tele Mundo yon entèvyou kote li fè konnen kisa Lèzetazini espere pandan nouvo rapò amerikano-kiben yo pral evolye. Misye Kerry di:

"Nou espere gouvènman kiben an va pran, pou kont li, desizyon ki va chanje bagay yo. Alòs, mwen pa panse yon moun ka konpare sa ki fèt nan yon mwa edmi depi nou te siyen akò pou n retabli relasyon yo, avèk sa k te pase pandan 54 tran."

Nan mwa avril 2015 la, Prezidan Barack Obama te fè konnen rankont istorik li te fè ak prezidan kiben an, Raul Castro, kapab sèvi kòm yon tounan enpòtan sou wout 2 peyi yo pran pou yo retabli relasyon diplomatik yo.

XS
SM
MD
LG