Accessibility links

Breaking News

Preokipasyon Lèzetazini devan Konpòtman Peken nan Lanmè Sid Chin nan


Minis Afè Etranjè chinwa a, Wang Yi (adwat) ap koute pandan Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ap pale anvan yo te fè yon rankont nan Sant Komèsyal Mondyal Putra nan vil Kwala Loumpour, Malezi. (Foto: 5 out 2015).
Minis Afè Etranjè chinwa a, Wang Yi (adwat) ap koute pandan Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ap pale anvan yo te fè yon rankont nan Sant Komèsyal Mondyal Putra nan vil Kwala Loumpour, Malezi. (Foto: 5 out 2015).

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè konnen yon fwa ankò li genyen gwo kè-sote devan efò Lachin ap fè pou l plase chak jou plis sòlda tou pre zile ki nan rejyon Lanmè Sid Chin nan. Chèf diplomasi amerikèn nan rankontre, nan kòmansman jounen mèkredi 5 out 2015 la, ak minis afè etranjè chinwa a, Wang Yi, nan koulis fowòm Asosyasyon Peyi Sid-Es Azyatik la (APSEA) ki genyen 10 manm.

Yon otorite wo-plase nan Depatman Deta fè konnen misye Kerry repete preokipasyon Lèzetazini poutèt Peken pa sispann reklame yon bann zile nan rejyon an ki nan yon zòn ki enpòtan pou komès mondyal la, e kote Lachin ap fè anpil konstriksyon epi enstale twoup militè. Nan diskou Sekretè Deta Kerry fè nan okazyon ouvèti fowòm nan, li di :

"Lèzetazini pataje opinyon divès manm APSEA eksprime plizyè fwa pou di yo vle prezève lapè ak stabilite nan rejyon Lanmè Sid Chin nan. Gwoup la ta renmen wè pati konsène yo sèvi ak mwayen pasifik epi prensip dwa entènasyonal pou yo rezoud mezantant ki genyen sou kesyon pou konnen ki peyi ki gen dwa sou zile sa yo."

Depi kèk tan deja, Lachin pa sispann kreye kèk zile atifisyèl nan yon zòn maritim peyi tankou Vyetnam, Malezi, Taywann ak Filipin konsidere kòm yon pati nan tèritwa nasyonal yo.

XS
SM
MD
LG