Ayiti / Repiblik Dominikèn / OEA
Gouvènman dominiken an rejte rapò Komisyon Teknik Òganizasyon Eta Ameriken yo fè apre vizit yo ann Ayiti ak Repiblik dominikèn kote yo evalye sitiyasyon moun repiblik Dominikèn ap voye retounen ann Ayiti. Minis Afè Etranjè dominiken an Andres Navarro, Minis Enteryè ak Lapolis Ramon Fadul ak Minis Prezidans la Gustavo Montalvo te rankontre laprès kèk èdtan apre komisyon an te prezante rapò l devan Asanble Jeneral òganizasyon rejyonal la nan Washington DC. Otorite yo rejte tou apèl odyalòg k ap pèmèt 2 peyi yo rezoud pwoblèm ki egziste antre yo. Nouvèl yo site deklarasyon chanselye dominiken an, Andres Navarro, ki ta vle fè konprann :”politik migratwa dominiken an ak meknis pou aplike l pa diskitab.” Selon chèf diplomasi dominiken an peyi l pa solisite medyasyon OEA nan kriz 2 peyi yo ap konfwonte sou dosye rapatriman ayisyen k ap viv ilegalman an sou teritwa dominiken an. Msye Navarro presize devan jounalis yo gouvènman Dominiken an pare pou l rekòmanse dyaloge ak Ayiti akondisyon gouvènman ayisyen an sispann lage vèni sou yo. Msye Navarro konfime angajman peyi l pran pou l kontinye travay pou pwoteje epi garanti dwa sitwayen etranje k ap viv sou teritwa a. Delè pou Repiblik Dominikèn kòmanse depòte etranje k ap viv san dokiman legal e ki pat gen tan enskri nan Plan Regularizasyon Etranje yo ap bout vandredi 31 jiyè 2015 la.
Yon lòt kote, Ajans Nasyonzini pou Timoun ( UNICEF) konbine efò l ak yon òganizasyon lokal sou zòn fwontyè Ayiti pataje ak Repiblik dominikèn pou asiste timoun ki soti nan panyòl san fanmi yo.
Ayiti / Eleksyon
Anfen, yon responsab Biwo Elektoral Depatmantal (BED) mande kandida yo pou evite vyolans pandan kanpay elektoral la. Korespondan nou nan vil Hench Josue Joseph di nou demand sa a fèt nan moman plizyè kandida kòmanse abandone kous la pou rezon finansye. te gen vyolans tou nan vil Tigwav ant patizan kandida 2 depite k ap chache reprezante sikonskripsyon an nan pwochen palman an. Sa pa gen lontan 6 kandida nan sikonskripsyon an te siyen yon akò de prensip pou mande sipòtè yo pa fè vyolans pandan kanpay elektoral la—yon apèl ke lapolis ak enstitisyon elektoral la pa sispann lanse depi ouvèti kanpay pou eleksyon lejislatif ki fikse pou 9 out 2015.