Accessibility links

Breaking News

Tounen Prezidan Obama nan 2 Peyi Afriken: Kenya ak Etyopi


Yon gwo pannkat anba lavil Nayewobi, kapital Kenya, montre Prezidan Obama (adwat) ak prezidan peyi a, Uhuru Kenyatta. Se premye vwayaj Misye Obama nan Kenya depi 2006, ane kote li te vizite peyi sa a kòm yon senatè ameriken.
Yon gwo pannkat anba lavil Nayewobi, kapital Kenya, montre Prezidan Obama (adwat) ak prezidan peyi a, Uhuru Kenyatta. Se premye vwayaj Misye Obama nan Kenya depi 2006, ane kote li te vizite peyi sa a kòm yon senatè ameriken.

Prezidan Barack Obama kòmanse sou kontinan afriken an, vandredi 24 jiyè 2014 la, yon toune kap mennen l nan peyi Kenya ak Etyopi. Misye Obama ap fè vizit sa a nan moman administrasyon n nan vle mete aksan sou kwasans ekonomi amerikèn nan ki gen sous li nan echanj komèsyal Lèzetazini ap fè ak rejyon ki anba Sahara afriken an.

Amina Mohamed, yon sitwayèn peyi Kenya, pale pou l di ak ki santiman lap viv prezans lidè ameriken an nan peyi kote papa Barack Obama te pran nesans:

"Pou nou se yon moman ekstwòdinè ; se vrèman yon tounan istorik. Se premye fwa yon prezidan ameriken ki an fonksyon toujou ap vizite peyi nou an. Sa pat rive pandan 52 zan endepandans Kenya. Se vrèman yon kokenn chenn moman pou nou."

Gwoup defans dwamoun yo lanse apèl bay Prezidan Obama pou mande l sèvi ak vwayaj sa a pou l egzije refòm fondamantal nan domèn dwa zumen an nan Kenya avèk Etyopi, 2èm peyi ki sou pwogram toune afriken sa a. Doktè Peter Pham, direktè Sant Afriken nan Konsèy Atlantik la, bay opinyon li sou kesyon an :

"Kenya se lidè kominote Afrik de Lès la, ki se youn nan blòk ekonomik ki pi dinamik ann Afrik. Se yon alye trè zenpòtan pou Lèzetazini pou sa k konsènen estabilite rejyonal ak operasyon anti-teworis. Se li ki sipòte pi gwo pwa a nan zafè lit anti-teworis nan rejyon an avèk, malerezman, atak al-Shabab ak kèk lòt gwoup ekstremis ap lanse."

Pandan Prezidan Obama nan Kenya a, li gen pou l asiste Somè sou Antreprenarya Global la kap dewoule nan jounen samdi 25 jiyè a. Aprè sa, li pral tounen premye prezidan Lèzetazini ki vizite peyi Etyopi.

XS
SM
MD
LG