Accessibility links

Breaking News

Plis Reyaksyon sou Akò 6 Puisans Mondyal Jwenn sou Pwogram Nikleyè Iran an.


Prezidan Barack Obama, ki kanpe bò kote Vis Prezidan Joe Biden, ap fè kòmantè nan Salon Est Mezon Blanch la nan Washington sou akò negosyatè 6 puisans yo jwenn ak Iran an (Foto: Madi 14 jiyè 2015).
Prezidan Barack Obama, ki kanpe bò kote Vis Prezidan Joe Biden, ap fè kòmantè nan Salon Est Mezon Blanch la nan Washington sou akò negosyatè 6 puisans yo jwenn ak Iran an (Foto: Madi 14 jiyè 2015).

Prezidan Barack Obama gen plis deklarasyon toujou pou l fè, nan jounen mèkredi 15 jiyè 2015 la, sou akò nikleyè istorik 6 puisans mondyal jwenn ak Iran an, nan yon konferans pou laprès li pral bay nan La Mezon Blanch pou l kontinye fè pwomosyon pou akò a.

Nan yon entèvyou lidè Lèzetazini an bay jounal New York Times, li di antant 2 kan yo rive jwenn nan vil Vyèn, peyi Lotrich, madi 14 jiyè 2015 la, elimine tout mwayen Teheran te kapab itilize pou l devlope zam nikleyè.

Sepandan lidè repibliken nan Kongrè a pa dakò ak jan Misye Obama wè akò a. Pa egzanp, lidè majorite a nan Sena a, Mitch McConnel, deklare, daprè sa l konnen jiskaprezan, “sanble ni Repibliken ni Demokrat te gen rezon gen kè-sote lè yo te wè ki direksyon negosyasyon yo tap pran, sètadi, se yon antant ki tap plis nan avantaj Iran, olye li mete fen nan pwogram nikleyè Teheran an."

Eleman konsèvatè nan tou lè 2 peyi yo te redi pou 2 kan yo pat fè konpwomi ki debouche sou siyati akò a. Ozetazini, obsèvatè yo atann yo aske lidè repibliken yo -ki gen kontwòl tou lè 2 chanm Kongrè a- vote kont akò a aprè yon peryòd revizyon kap dire 60 jou. Sepandan Prezidan Obama pwomèt pou l poze veto l sou nenpòt vòt ki rejte antant la; e sanble Repibliken yo pap genyen kantite vwa ki nesesè pou yo ranvèse yon veto prezidansyèl.

XS
SM
MD
LG