Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ap Ranfòse Kapisite Kominikasyon Li pou l Kontrekare Pwopagann Larisi ak Gwoup Eta Islamik la, Antwòt


 Sou Sekretè Deta ameriken pou Demokrasi ak Afè Piblik, Richard Stengel, ki bay detay sou plan Lèzetazini genyen pou l kontrekare pwopagann kap fèt nan lemond.
Sou Sekretè Deta ameriken pou Demokrasi ak Afè Piblik, Richard Stengel, ki bay detay sou plan Lèzetazini genyen pou l kontrekare pwopagann kap fèt nan lemond.

Sou Sekretè Deta ameriken pou Demokrasi ak Afè Piblik, Richard Stengel, fè konnen, lè w konsidere gwo machin pwopagann etranje yon peyi tankou Larisi ak Gwoup Eta Islamik la mete sou pye, Lèzetazini fèt pou l ranfòse puisans soup li a avèk patisipasyon pèsonèl li nan konvèsasyon sa a kap fèt o nivo mondyal.

Misye Stengel -ki te pran lapawòl pou l fè kòmantè sou ouvèti Sant Sawab la nan Emira Arab Ini, epi pale de monte gwoup Eta Islamik la ki pran kontwòl yon bon pati nan tèritwa peyi Irak ak Siri--- deklare, a kote kèk zak sovaj kote militan yo koupe tèt jounalis ameriken, mete sou lòt zak vyolans, gwoup la montre li trè dispoze mennen yon lagè enfòmasyon. Lè laprès te mande Sou Sekretè Deta a kijan Lèzetazini ap fè fas ak gwoup la, li fè konnen gouvènman ameriken an itilize divès mwayen pou sa. Misye Stengel di:

« Nou sèvi ak divès mwayen diferan pou nou kontrekare yo. Genyen chandbatay la kote nou fè yo fè bak sou anpil pozisyon e kote operasyon lansman bonm yo efikas --sa ki fèt nan yon koyezyon ak patnè nou yo, san bliye patnè arab yo. Epi genyen chandbatay enfòmasyon an kote nap opere. Mwen panse, depi gwoup Eta Islamik la te parèt sa gen yon lane, anpil lòt aktè antre nan jwèt la. Peyi arab yo òganize pwòp medya sosyal yo kounyela a --peyi tankou Lajòdani, Lejip ak Arabi Sawoudit. Jodi a menm, nou lanse Sant Sawab la ak Emira Arab Ini ; se dènye gwo antrepriz nou; e nou espere lòt peyi pral kreye lòt sant konsa. »

Pou sa k konsène enpòtans sant ki ouvè nan Emira Arab Ini an, Sou Sekretè Deta Stengel bay presizyon sa a :

"Objektif sant sa a -ki se yon pwojè konjwen ant Emira a ak Lèzetazini- se ede kowòdinasyon kap fèt ant patnè kowalisyon an yon fason pou yo kreye kontni ki pral nan mesaj kap kontrekare aktivite medya sosyal gwoup Eta Islamik la. L ap sofistike ase pou l sèvi kòm yon altènativ pou vizyon negatif gwoup la ap prezante a pandan ke, an menm tan, sant la pral kowòdone mesaj yo ak kontni mesaj yo ant patnè kowalisyon an ki ini kont Gwoup Eta Islamik la."

Laprès te mande Sou Sekretè Deta Richard Stengel kisa l panse de posiblite pou teworis yo ta vize Lèzetazini nan operasyon yap prepare yo. Li reponn pou l di posiblite sa a reprezante yon sous preokipasyon pou moun kap viv Ozetazini.

« Pa gen dout sou sa: moun kap viv Ozetazini preokipe ak lide pou teworis yo ta vize Lèzetazini menm pou yo atake. Men mwen pa panse kesyon sa a poze pou le moman pou Lèzetazini, menm jan li poze pou kèk peyi nan rejyon Mwayen Oryan an kote militan yo twouve yo sou fwontyè yo, yap fè pwogrè e yap eseye kreye yon Eta. Alòs, mwen panse pwoblèm nan pi prezan nan zòn nan; men se tout moun ki dwe santi yo konsène. Gen konbatan etranje tou laba a ki sòti Ozetazini. Alòs, se yon bagay ki dwe bay tout moun preokipasyon. »

Sou Sekretè Deta Richard Stengel pale konsa pandan li tap fè kòmantè sou dispozisyon Lèzetazini ap pran pou l ranfòse puisans kominikasyon li gras ak yon patisipasyon pèsonèl nan sa Misye Stengel rele "yon konvèsasyon mondyal" kote peyi tankou Larisi ak Gwoup Eta Islamik la mete sou pye yon gwo machin pwopagann a travè lemond.

XS
SM
MD
LG