Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Depòtasyon - Nouvèl Jounen Mèkredi 24 Jen 2015 la


Yon group rapatriye ayisyen ki rive nan boukl Malpas (Ayiti) tou pre Jimani (Repiblik Dominikèn)
Yon group rapatriye ayisyen ki rive nan boukl Malpas (Ayiti) tou pre Jimani (Repiblik Dominikèn)

Plizyè santèn ayisyen ki t ap viv ilegalman nan Repiblik Dominikèn kontinye antre ann Ayiti volontèman avan ekspirasyon delè 45 jou otorite panyòl yo genyen pou yo kòmanse pwosesis depòtasyon an. Imigran yo ap debake nan plizyè vil sou fwontyè a, tankou Malpas, Ansapit, Beladè ak Wanament.

Gouvènman ayisyen an depeche sou zòn fwontyè a plizyè delegasyon pou akeyi e asiste rapatriye yo; yon bagay delege sa yo ap fè an kolaborasyon ak lidè lokal yo. Yon lòt kote, Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) anonse li anrejistre 1800 imigran pou pipiti ki rive sou zòn fwontyè a kote nou jwenn Beladè, ann Ayiti, ak Elias Pinas, an Repiblik Dominikèn. Minis Afè Sosyal la, Victor Benoit, renmèt otorite lokal yo nan Beladè yon sòm 200 mil goud pou apiye operasyon ki sou pye pou resevwa rapatriye yo.

Yon lòt kote, vis prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Pierre Manigat Junior, anonse konsèy la resevwa yon seri materyèl pou ekipe biwo vòt yo nan kad preparasyon òganizasyon eleksyon yo. Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo, Yvrose Myrtil Morquette, fè konnen otorite yo pare pou yo garanti sekirite fanm ki pral vote nan pwochen eleksyon an. Minis la fè deklarasyon sa a nan moman ministè l ap dirije a te òganize yon atelye travay nan kolaborasyon ak Ministè Lajistis sou tèm: "Fanm, Sekirite ak Eleksyon.”

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 24 jwen 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:15:34 0:00
Direct link

Lidè Pati Respè, Charles Henri Baker, ki twouve l nan Washington DC, fè yon vizit koutwazi nan Sèvis Kreyòl la madi 23 jen 2015 la. Misye Baker bay Lyonel Desmarattes yon entèvyou kote li abòde, antwòt, pwosesis eletoral la, chans pati l la genyen pou l ranpòte eleksyon an, ak fason otorite ayisyen yo ap jere dosye depòtasyon imigran kap viv an Repiblik Dominikèn,.

Anfen, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl kreye yon nouvo sit entènèt (www.menfp.gouv.ht/mobil) ki pral pèmèt elèv klas filo yo gen aksè ak tout pwogram klas tèminal yo. Sou sit sa a, elèv yo ap kapab swiv kou an-liyn nan plizyè disiplin, daprè deklarasyon responsab ministè a fè nan laprès.

XS
SM
MD
LG