Accessibility links

Breaking News

Depozisyon Minis Defans Ameriken an sou Sitiyasyon an nan Mwayen Oryan an.


Minis Defans Ash Carter, a goch, ak kòmandan Wo Eta Majò lame amerikèn nan, Jen. Martin Dempsey, pandan yo tap rann pou yo fè depozisyon devan komisyon afè militè Chanm Depite Kongrè ameriken an. (Washington, DC, 17 jen 2015).
Minis Defans Ash Carter, a goch, ak kòmandan Wo Eta Majò lame amerikèn nan, Jen. Martin Dempsey, pandan yo tap rann pou yo fè depozisyon devan komisyon afè militè Chanm Depite Kongrè ameriken an. (Washington, DC, 17 jen 2015).

Minis defans Lèzetazini an, Ashton Carter, pran lapawòl mèkredi 17 jen 2015 la devan manm komisyon Sèvis Militè Chanm dè Reprezantan an pou l fè konnen liyn defans ki pi enpòtan nan lit kont militan Gwoup Eta Islamik la, se yon gouvènman irakyen ki pi fò e ki ofri plas pou plis moun. Misye Carter ajoute :

"Sa mande yon gouvènman ki pi efikas, pi enklizif e ki gen reprezantan tout sektè ladan n. Siksè tout lòt efò depann de siksè premye liyn-defans sa a, paske se sèl mwayen pou nou jwenn apui fòs lokal yo, popilasyon lokal la --yon apui ki endispansab pou nou fè pwogrè nan lit kont ekstremism nan."

Daprè chèf Pentagòn nan toujou, gen lòt bagay ki dwe fèt; pami yo gen efò pou anpeche militan islamik yo jwenn kote pou yo opere nan Mwayen Oryan an, ranfòse kapasite ajans sekrè yo pou yo ranmase enfòmasyon sou gwoup Eta Islamik la, kontrekare pwopagann militan yo epi bloke flo konbatan etranje ki prale nan rejyon an.

Misye Carter ajoute atak kowalisyon Lèzetazini ap dirije a lanse kont gwoup Eta Islamik la nan Irak ak Siri bay kèk rezilta klè; pa egzanp, sa rive limite libète deplasman militan yo epi jennen efò gwoup la ap fè pou l rekrite konbatan. Minis defans Lèzetazini an fè deklarasyon sa yo yon semèn aprè Prezidan Barack Obama te anonse plan li genyen pou l voye plis militè ameriken al konseye ak ede lame irakyèn nan.

XS
SM
MD
LG