Accessibility links

Breaking News

Apèl Asistan Sekretè Deta ameriken Ann Richard Anfavè Boat People nan Rejyon Azi Sidès la


Rankont entènasyonal nan Bangkòk, kapital Tayland, vandredi 29 me 2015 la, sou sitiyasyon boat people peyi Bimani ak Bangladèch ki bloke sou lanmè nan rejyon Azi Sidès la. Diplomat wo-plase Ann Richard reprezante Lèzetazini.
Rankont entènasyonal nan Bangkòk, kapital Tayland, vandredi 29 me 2015 la, sou sitiyasyon boat people peyi Bimani ak Bangladèch ki bloke sou lanmè nan rejyon Azi Sidès la. Diplomat wo-plase Ann Richard reprezante Lèzetazini.

Lèzetazini fè konnen plizyè milye boat people, ki prale a la deriv sou lanmè nan rejyon Sid-Es Azyatik la, bezwen resevwa èd san pèdi tan. Asistan Sekretè Deta ameriken Ann Richard --ki tap pale ak laprès pandan yon vizit nan vil Bangkòk, nan peyi Tayland-- deklare : "Nou fèt pou n pase alaksyon imedyatman pou n sove lavi moun sa yo." Madam Richard ajoute :

"Nou dwe sove lavi moun yo san pèdi tan. Nou dwe rive jwenn pi bon mwayen an pou n rankontre e diskite sou kesyon epi pran aksyon ki nesesè yo lè moun rete bloke nan bato sou lanmè. Nou fèt pou n al chache jwenn rasin rezon ki fè moun yo santi yo pa gen okenn lòt chwa, eksepte kouri kite peyi yo epi riske vi yo nan vwayaj danjere konsa."

Asistan Sekretè Deta Ann Richard twouve l nan Tayland kote lap asiste yon rankont yon jou peyi Sidèsazyatik yo ak kèk gwoup defans dwamoun ap fè nan kad efò yap deplwaye pou wè ki jan yo ka rezoud pwoblèm boat people ki poze nan Lanmè Andaman nan ak nan Bè Bengal la.

XS
SM
MD
LG