Accessibility links

Breaking News

Operasyon Militè an Preparasyon nan Irak pou Gouvènman an Reprann Vil Ramadi


Militan Eta Islamik la gen kontwòl vil Palmir, nan Siri, ak vil Ramadi, nan Irak.
Militan Eta Islamik la gen kontwòl vil Palmir, nan Siri, ak vil Ramadi, nan Irak.

Nan Irak, gouvènman an fè konnen li lanse yon operasyon militè pou l repran pwovens Anbar, ki nan pati lwès peyi a, nan men militan gwoup Eta Islamik la. Gouvènman an fè anons la madi 26 me 2015 la sou antèn televizyon Leta a mwens ke 2 semèn aprè konbatan islamik yo te mete men sou kapital pwovens la, vil Ramadi. Depi lè sa a, sòlda irakyen ak milis kap defann gouvènman an pa sispann rasanble a lès vil la kote yap prepare yon atak pou yo reprann pwovens la kote ou jwenn pi gwo popilasyon sunit kap viv nan Irak la.

Nan jounen lendi a, Premye Minis Haider al-Abadi bay chèn radyo-televizyon britanik la, BBC, yon entèvyou kote li fè konnen lame pral repran Ramadi nan kèk jou sèlman e li gen konfyans nan fòs militè irakyen yo. Nan menm jou a, Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, te telefone Misye al-Abadi yon fason pou l ranje relasyon yo aprè minis defans ameriken an, Ashton Carter, te deklare li pa kwè lame Irak la gen volonte pou l batay kòmsadwa ak militan yo, aprè sòlda yo te kouri kite Ramadi lè konbatan Eta Islamik la t ap mache sou vil la.

XS
SM
MD
LG