Accessibility links

Breaking News

Yon Pati Enpòtan nan Vil Palmyra, nan Siri, Tonbe Anba men Gwoup Eta Islamik la


Foto sa a --ki sou sitwèb Eta Islamik la-- montre yon tank militan gwoup la kap goumen ak sòlda gouvènman siryen an sou yon wout ant vil Homs ak Palmyra. (Foto: Mèkredi 20 me 2015).
Foto sa a --ki sou sitwèb Eta Islamik la-- montre yon tank militan gwoup la kap goumen ak sòlda gouvènman siryen an sou yon wout ant vil Homs ak Palmyra. (Foto: Mèkredi 20 me 2015).

Gwoup Eta Islamik la genyen anba men n kounyela a kontwòl total yon sektè nan vil Palmyra, nan peyi Siri, kote ou jwenn kèk vestij sivilizasyon womèn nan ki trè popilè nan rejyon an. Yo sezi ruin enpòtan sa yo kèk èd tan aprè yo te pran vil la nan men fòs gouvènmantal yo, daprè enfòmasyon yon gwoup kap suiv sitiyasyon an pibliye.

Gwoup Obsèvatwa Dwa Moun Siryen an, ki baze ann Angletè, di militan islamik yo mete men sou sit la byenta mèkredi 20 me 2015 la. Se yon sit ki la depi 2 mil ane; UNESCO te deziye li kòm yon pati nan eritaj mondyal la.

Jiskaprezan pa gen nouvèl ki pale de dega militan yo ta koze nan ruin yo; sepandan ektremis islamik yo deja sakaje e piye ansyen sit yo jwenn nan tout zòn yo okipe depi yo te kòmanse mouvman yo a; yo konsidere sit sa yo kom bagay payen e ki kont relijyon islamik la.

XS
SM
MD
LG