Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon: Delè pou Kandida a la Prezidans yo Fè Depo Pyès yo ap Fini a Minwi


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

Ann Ayiti, kandida ki vle patisipe nan eleksyon prezidansyèl ane 2015 la gen mèkredi 20 me a jiska minwi pou yo depoze dokiman yo nan Biwo Elektoral Depatmantal Wès 1 an. Jiska madi 19 me a, anviwon 20 kandida te deja depoze dosye yo nan enstitisyon an, tandiske plizyè lòt te enskri sou entènèt la.

Yon lòt kote, Doktè Carl Murah Cantave, kandida pou yon pòs nan sena (Depatman Latibonit), anonse li soumèt yon rekèt devan Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou mande l remete li nan kous elektoral la apre sa li konsidere kom yon erè teknik KEP a komèt nan dosye li. Misye Cantave fè demand sa a nan moman popilasyon nan plizyè sikonskripsyon elektoral ap manifeste pou yo mande enstitisyon elektoral la pèmèt kèk kandida retounen nan kous la.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 20 me 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:04 0:00
Direct link

Lapolis nan vil TiGwav arete yon moun sou akizasyon deske li ta manm yon gang k ap opere nan zòn nan depi kèk tan. Fòs de lòd yo fè konnen yo sezi zam, yon badj ak ekipman prevni an sanble te konn itilize pou l fè tèt li pase kòm yon polisye, yon delege oubyen yon reprezantan gouvènman an.

Anfen, nan Mirbalè, plizyè aktivite dewoule pou make 95èm anivèsè asasina Benoit Batraville, youn nan chèf kako ki te goumen kont okipasyon amerikèn ann Ayiti. Se konsa tou, ekspè ayisyen ak etranje ap patisipe, depi lendi18 2015 la, nan yon kolòk entènasyonal pou komemore 100 tan okipasyon amerikèn nan. Pwofesè Roberson Edouard, kap anseye nan Inivèsite Laval, o Kanada, ak kèk lòt panelis ap debat tèm prensipal kolòk la ki se : Regards sur la première occupation américaine d’Haiti (1915-1934). Koutje sou premye okipasyon amerikèn ann Ayiti (1915-1934).

XS
SM
MD
LG