Eleksyon jeneral ap dewoule lendi 13 avril 2015 la nan peyi Soudan kote obsèvatè yo atann yo aske elektè yo bay prezidan an plas, Omar al-Bashir, yon lòt manda. Vrèman vre, pati ki sou pouvwa a, Pati Kongrè Nasyonal la, byen plase pou l ranpòte laviktwa, paske prensipal pati opozisyon yo deside boykote eleksyon an.
Frederica Mogherini, chèf politik entènasyonal Inyon Ewòp la, fè konnen eleksyon sa a pa kapab bay rezilta ki merite konfyans, paske li pap gen lejitimite atravè tout peyi a. Prezidan Komisyon Elektoral Endepandan an, Pwofesè Mouktar al-Assam, demanti kritik sa a. Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, li di opozisyon an te fè pati palman ki te fòme komisyon elektoral la e eleksyon yo pral dewoule yon fason onèt e kredib pou tout moun. Misye Al-Assam di:
« Eleksyon an ap lib e onèt, paske tout kandida gen dwa voye reprezantan yo nan biwodvòt yo kote yo ka rete bò kote bwat-bilten yo jiskaske nou anonse rezilta yo. Alòs, pa gen mwayen pou eleksyon sa a pa lib, onèt e demokratik. »
Prezidan Al-Bashir pwomèt lapè, devlopman ak amelyorasyon kondisyon ekonomik yo nan Soudan nan moman yon afè de 13 milyon elektè pare pou yo patisipe nan premye eleksyon kap dewoule nan peyi a depi li te separe ak Soudan Sid an 2011. Akoz separasyon sa a, Soudan Sid genyen lakay li yon gwo majorite resous petwolye ki te sou tèritwa ansyen Soudan an.