Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl: Ansyèn Premyè Dam Hillary Clinton, Kandida Demokrat – Senatè Marco Rubio, Kandida Repibliken.


Ansyèn Pemyè Dam e Ansyen Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton. (Foto achiv).
Ansyèn Pemyè Dam e Ansyen Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton. (Foto achiv).

Senatè Marco Rubio
Senatè Marco Rubio

Ozetazini, senatè repibliken Marco Rubio pral anonse kandidati li pou plas prezidan an nan eleksyon 2016 la pandan jounen lendi 13 avril 2015 la; tandiske, bò kote Demokrat yo, ansyèn Premyè Dam Hillary Clinton anonse kandidati li nan jounen dimanch la. Misye Rubio --pitit imigran kiben e ki genyen 43 zan-- gen pou l fè anons la pandan yon seremoni ki pral dewoule nan vil Miami, pi presizeman nan anplasman kote otorite imigrasyon ameriken yo te konn enskri sitwayen kiben ki tap kouri pou gouvènman Fidèl Castro a nan ane 60 yo.

Marco Rubio ap tounen 3èm Repibliken ki anonse kandidati li pou pwochèn prezidansyèl amerikèn yo aprè 2 lòt senatè: Rand Paul ak Ted Cruz. Obsèvatè yo atann yo aske gouvènè Eta Wisconsin nan, Scott Walker, ak ansyen gouvènè Eta Florid la, Jebb Bush, anonse kandidati yo tou.

Bò kote Demokrat yo, ansyèn Premyè Dam Hillary Clinton anonse kandidati li nan jounen dimanch 12 avril 2015 la. Li fè sa atravè piblikasyon yon video sou entènèt la kote li fè deklarasyon sa a:

"Chak jou Ameriken yo bezwen yon chanpyon, yon defansè; e mwen vle tounen defansè sa a dekwa pou nou kapab fè plis ke viv o-jou lejou tou senpleman. Ou kapab fè pwogrè e rete devan nan kous la. Ameriken yo goumen di pou yo sòti anba move moman ekonomik; men jiskaprezan kat la bat yon jan pou li fasilite sila ki anlè yo."

Jiskaprezan Hillary Clinton se premye Demokrat ki poze kandidati li pou ranplase Prezidan Barack Obama ki te bat li nan eleksyon primè ane 2008 yo. Daprè konstitisyon amerikèn nan, Misye Obama pa kapab ale dèyè yon 3èm manda.

.

XS
SM
MD
LG