Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: KEP a Ekate 22 Pati ak Regroupman Politik nan Pwochen Eleksyon yo


Konsèy Elektoral Pwovizwa a ekate nan pwochen eleksyon yo 22 pati ak regwoupman politik pandan li agreye 166 lòt, dapre yon nòt KEP a pibliye byen ta madi 31 mas e ki gen sou li non pati ki resevwa bon kanè yo. Mèt Nehemie Joseph, youn nan manm KEP a, fè konnen kantite ofisyèl pati ki enskri yo se 188 olye de 192, paske kèk pati ou regroupman politik te enskri 2 fwa.

Daprè Misye Joseph toujou, pati ekate yo pa gen oken rekou ankò. Pwochen etap la se rezoud pwoblèm BED ak BEC yo anvan pou Konsèy Elektoral la kòmanse resevwa depo kandidati pou pòs depite ak senatè -sa ki pral fèt a pati de 6 Avril. KEP a ankouraje pati ak regroupman politik ki jwenn otorizasyon yo pou yo fòme kowalisyon ak platfòm politik disi 5 avril pou evite konfizyon nan tèt elektè yo lè yap chwazi pwochen dirijan peyi a.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 1e avril 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:51 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Anbasadè Thomas A. Shannon, Konseye nan Depatman Deta a, ki te gen avèk li Kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti a, Thomas Adams, fè yon vizit nan Pòtoprens sòti 30 pou rive 31 mas 2015 la. Li te rankontre Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Evans Paul, plizyè minis ak kèk fonksyonè wo-plase kominote entènasyonal la, pami yo genyen manm Misyon Nasyonzini pou Estabilizayon Ayiti a (MINUSTHA).

Ansyen prezidan sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desras, lage dout sou kapasite konsèy elektoral pwovizwa a pou l òganize pwochèn eleksyon yo. Misye Desra, ki tap rankontre ak laprès, lanse apèl bay Prezidan Michel Martelly pou l mande li bay demisyon n avan dewoulman eleksyon yo.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik ayisyen an, Pierre Richard Casimir, resevwa yon lèt jij enstriksyon Yvickel Dabrezil voye ba li pou mande l fè demach ki nesesè pou Lèzetazini ekstrade ann Ayiti ansyèn senatris Myrlande Libérus Parvert ki anba aizasyon deske li ta mele nan konplo ki te fèt pou asasina jounalis Jean Leopold Dominique ak gadyen radyo Ayiti Entè a, Jean Claude Louissaint.

Anfen, Enspeksyon Jeneral PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) prezante bilan travay li te reyalize pandan mwa mas 2015 la. Pòt pawòl IJPNH la, Marc Wilkens Jean, fè konnen otorite yo te trete anviwon 59 dosye pandan peryòd sa a.

XS
SM
MD
LG